![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
Home | About Our Firm | Attorney Profile | Practice Area Overview | Testimonials | Resource Links | Contact Us | ![]() |
![]() |
![]() |
|
|||||||
![]() |
|
|
LinkBack | Thread Tools | Display Modes |
|
||||||
|
Ki jan pou pran on Randevou pou on Triyaj pou Òfelen nan Anbasad Ameriken nan Pòtoprens
FÈY ENFOMASYON Entwodiksyon Pou li reponn a tranblemanntè ki te fèt 10 janvye 2010 lan, Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon (USCIS) a pe mete anpil aktivite nan triyaj ti moun ayisyen yo pou wè si yo ta kalifye pou on pwogram imanitè kondisyonèl, si yo tonbe nan youn nan de kategori espesyal ke secretè Depatman Sekirite Nasyonal Napolitano te otorize 18 janvye 2010.Kategori espesyalize sā se sèlman pou ti moun ayisyen ke fanmi ameriken te adopte oubyen ta pwal adopte avan 12 janvye. Si ou bezwen plis enfòmasyon sou baz kalifikasyon pou tou de kategori yo, silvouplè gade lan Enfòmasyon pou sitwayen ameriken ki pwal adopte on ti moun ki an Ayiti (Information for U.S. Citizens in the process of adopting a child from Haiti) www.uscis.gov; epi tou yo rezime li nan tablo ki anba la.
Si ou gen ti moun ki kalifye pou pwogram sā, souple swiv enstriksyon ki ekri anba-a ki ap montre ki jan pou pran on randevou pou triyaj pou on òfelen. Paran adoptif ki Òzetazini Nou ankouraje ou pou’w travay ansanm ak Sèvis ki okipe adopsyon ‘w lan, si ou gen youn kòm nou toujou fè yo konnen tout denye nouvel yo. Nou p’ap vrèman dekouraje ak paran yo pou yo ale an Ayiti pou kont yo. Si ou ta vle mande on randevou pou triyaj pou on òfelen nan anbasad ameriken nan Pòtoprens, kontakte nou nan HaitianAdoption@dhs.gov. pou’w asire ‘w ke demand ou an fèt korèkteman, swiv enstriksyon ki ekri anba a:
USCIS ap fè tout efò posib pou’l kontakte tout òfelina ayisyen ke yo konnen pou yo wè si yo ka ba yo randevou. Si ou konnen ke USCIS deja ap travay ak òfelina pa’w la, li pa nesesè pou’w mande on randevou byen ke ou gen dwa fè’l si’w vle. Paran adoptif lan (yo) an Ayiti ak ti moun adopte nan (yo) Si ou gen entènèt, souple, voye on e-mail bay HaitianAdoption@dhs.gov.Pou’w asire’w ke demand ou an fèt kòrèkteman, swiv enstriksyon ki ekri anba la:
Nou pwal fè kankou nou konnen pou nou reponn ou tou swit ak tout enfòmasyon sou ki lè pou’nale nan anbasad. Si’w pran randevou ak nou pa entènèt, w’ap pi vit antre nan anbasad la epi tout bagay ou ap fèt byen vit. Li trè z’enpòtan ke ou pote tout pyès adopsyon ke’w genyen, pyès idantite ak foto resan pitit ou an. Si’w pa ka voye on e-mail an avans, ou gen dwa ale direkteman nan anbasad la ak pitit ou an epi fè gad yo konnen ke ou se on paran adoptif ak on òfelen ki bezwen on triyaj pou òfelen an nan branch USCIS lan. Byen ke yo avèti gad yo nan anbasad la, ke ka sā yo fòk yo mete yo jis devan nan liy nan, epi kite yo rantre anndan anbasad lan, li ka tre difisil pou’w antre sitou si nou pa konnen ke w’ap vini. Ou ka gen pou’w vini plizyè fwa oubyen tann anpil tan, selon enfòmasyon ke nou genyen disponib sou ka’w la. USCIS ap fè kankou’l konnen pou’l kontakte tout òfelina ayisyen ke yo konnen pou yo wè si yo ka ba yo randevou. Si ou konnen ke USCIS deja ap travay ak òfelina pa’w la, li pa nesesè pou’w mande on randevou byen ke ou gen dwa fè’l si’w vle. Direkte Òfelina yo oubyen Lòt Moun k’ap Okipe Ti Moun ki Òfelen yo Lè anbasad lan bay randevou alavans lan, se on premye pa pou fè pwosesis gwoup yo ale pi vit. Sa ap pèmèt yo fè triyaj pou tout ti moun ki kalifye nan on òfelina byen determine an menm tan, epi y’ap sèlman gen pou y’al on gren fwa nan anbasad lan pou yo ka idantifye yo fizikman. Pa eseye antre nan anbasad lan san ke ou pa chèche pran on randevou avan, paske yo pa’p kite antre. Si ou ta vle mande on randevou pou triyaj on òfelen nan anbasad ameriken nan Pòtoprens, kontakte nou nan HaitianAdoption@dhs.gov. pou’w asire ‘w ke demand ou fèt korèkteman, swiv enstriksyon ki ekri anba la:
Lè USCIS reponn ou, se pou’l ba’w lè randevou an. Se sèlman direktè òfelina a oubyen lòt granmoun ki responsab ki pou prezante yo lan premye randevou an. Pote tout pyès ke’w ka jwenn sou adopsyon ak idantite chak ti moun ki pwal nan triyaj, ansanm ak foto si ou genyen. Fòk yo wè ti moun yon an anbasad nan pou yo ka idantifye yo apre ke yo fin revize ka yo, epi avan ke yo bayo pyè ki pou pèmèt yo vwayaje. Se sèlman lè USCIS oubyen anbasad ameriken an mande pou nou mennen ti moun yo ou ka fè sa. REMAK: Nou okouran ke gen de òfelina ki lwen anbasad ameriken nan Pòtoprens lan. kounyen an n’ap konsidere ki jan nou ta kapab fè pwosesis nan zòn ki lwen kapital an, epi on lòt lè nou pwal bay lòt enfòmasyon sou sa. |
![]() |
| Thread Tools | |
| Display Modes | |
|
|
|
All times are GMT -4. The time now is 01:22 AM. |